fbpx
Haitian Music Music Videos

[New Music] Fatima “W’abandone’m”

The beautiful and multi-talented Haitian singer, model and host Altieri Fatima just released the visuals to her new song “W’abandone’m” directed by Sony Paul.

Follow her on instagram here.

Ou vin plis kwè nan zanmi

Tout sa yo di’w pa demanti
Men’w pa Janm Pran tan’w pou analize
KE yo pa vle’n ere
Tout sa’m fè mtoujou gen tò
Tout fason ‘m Merite lanmò
Men’w pa Deside pale
Ou prefere ale…..

Chorus
Ou kitem wale
Gad jan W’abandone’m (La la la la la la la la la la) Ou kite’m wale gade jan wabandone’m
Ou kitem wale gas jan W’abandone’m (La la la la la la la la la la)

Tout kote Yap suveye’m
Pou konn Si mwen pap tonbe
Gen sa ki men’m envante sa ki pap Janm rive
Pou yo Men’m yon Jou map janm lagew
Yo panse map janm bliyew
Se pa sa’m vle
Pa sa’m swete
Men se sa Ou Deside

Bridge
Chak fwa’m panse Avèw
Se kè mwen kap Rache
Kò mwen Kap pran dife
Eske map janm ranplase’w.

 

Facebook Comments

Ray Banlye Broward (BCR) Disid Evalyasyon Anviwònman an Nimewo ID Pwojè Finansye Konte Broward ak Konte Miami-Dade, Florid: 452240-1

Ray Banlye Broward (BCR) Disid
Evalyasyon Anviwònman an Nimewo ID Pwojè Finansye Konte Broward ak Konte Miami-Dade, FLORID: 452240-1

Evalyasyon Anviwònman Revizyon

Konte Broward ak Depatman Transpò Laflorid (FDOT) te devlope yon Evalyasyon Anviwònman (EA) jan Administrasyon Federal Transpò (FTA) mande pou sèvis tren banlye nan Konte Broward pou asire konfòmite ak Lwa sou Règleman
Nasyonal pou Anviwònman (NEPA). Evalyasyon Anviwonman pote sou miz an plas sèvis tren banlye sou koridò ferovyè (Kot Lès Florid) depi nan estasyon pasaje yo nan vil Aventura ale nan direksyon nò rive nan jiska vil Fort Lauderdale, yon distans 18.5 kilomèt. Nouvo estasyon pasaje yo pwopoze nan Vil Hollywood, nan Ayewopò Entènasyonal Fort Lauderdale- Hollywood, ak nan Sid Fort Lauderdale.

Objektif Evalyasyon Anviwonman a se analize efè aplikasyon pwojè a sou anviwònman fizik, imen ak natirèl. Sa a se yon avi ki anonse ke yon peryòd konsiltasyon piblik 30 jou ap kòmanse 19 jiyè 2024 epi fini 18 out 2024 pou yo ka rekiyi kòmantè sou Evalyasyon Anviwonman an. Tout kòmantè ou resevwa pandan peryòd kòmantè sa a, ak repons a kòmantè sa yo, pral enkòpore nan dokiman final desizyon NEPA a. Kòmantè yo ka soumèt nenpòt lè pandan peryòd kòmantè a nan youn nan
de fason:

 Pa imèl: BCRSouth@broward.org
 Pa lapòs US: Broward County Transit, Capital Planning and Project Development Attn: Broward Commuter Rail South, 1 North University Drive, Suite 3100A, Plantation, Florida 33324

Tout kòmantè ekri yo dwe resevwa anvan 4:30 P.M. dimanch 18 out 2024. Tout moun ki enterese envite pou fè kòmantè yo.

Tanpri note ke enfòmasyon pèsonèl moun ki soumèt kòmantè yo, si yo bay yo, yo ka pibliye nan dokiman anviwònman yo ki sikile piblikman. Yon manm piblik la ka chwazi eskli enfòmasyon pèsonèl yo nan kòmantè yo.

Yon kopi elektwonik Evalyasyon Anviwonman a disponib jiska 18 out 2024 sou sit entènèt pwojè a
(www.browardcommuterrailstudy.com) an tèks klè ak fòma pdf, ak nan fòma papye nan Syèj Sosyal Broward County Transit (1 North University Drive, Suite 3100A, Plantation, Florida 33324) pandan lè travay nòmal yo. Kopi papye yo disponib tou nan biwo FTA Rejyon 4 ki nan 230 Peachtree Street, NW. Suite 1400, Atlanta, GA 30303, United States.

Kopi enprime Pwojè Evalyasyon Anviwonman a ap disponib tou pou revize pandan lè ouvrab regilye yo nan lokal bibliyotèk piblik Konte Broward sa yo:

-100 S Andrews Avenue, Fort Lauderdale, FL 33301
-1 Park Avenue East, Dania Beach, FL 33004
-2600 Hollywood Boulevard, Hollywood, FL 33020
-300 S Federal Highway, Hallandale Beach, FL 33009

Enfòmasyon pou Kontakte:
Phil Schwab, P.E., FDOT Responsab
Pwojè Depatman Transpò Florid
3400 West Commercial Boulevard
Fort Lauderdale, Florida 33309
Telefòn: (954) 777-4524
Nimewo gratis nan (866) 336-8435, ekst. 4524 Imèl: BCRSouth@broward.org
Depatman Transpò Florid
3400 West Commercial Boulevard
Fort Lauderdale, Florida 33309
Telefòn: (954) 777-4524
Nimewo gratis nan (866) 336-8435, ekst. 4524 Imèl: BCRSouth@broward.org

Jie Bian, BCT Responsab Pwojè
Broward County Transit
1 North University Drive
Suite 3100A Plantation, Florida 33324
Telefòn: (954) 357-8532
Imèl: BCRSouth@broward.org

Upgrade To A High-Efficiency Toilet

RAKONTRE | DATING APP

Categories

Featured In:

 

ADVERTISE WITH US